Akademi Finansye an Kreyòl Ayisyen
✓ 100% GRATIS
PWOJÈ EDIKATIF PREPARE PA ARONSON LOUIS

Akademi Finansye an Kreyòl

Aprann jere lajan ou. Konstwi avni finansye ou.

Platfòm sa a se yon kou an fòma tèks, li pa videyo. Li ouvè pou nenpòt moun, nenpòt kote w ye nan mond lan, e ki vle aprann sou finans.

Kòmanse aprann

Kou sa a fèt pou nenpòt moun atravè mond lan ki vle aprann sou finans. Chwazi premye modil la; chak modil gen yon egzamen 10 kesyon. Ou dwe reyisi li pou jwenn aksè nan modil aprè a.

MODIL 01 · DEBITAN

Fondasyon finans pèsonèl

Objektif: aprann òganize revni, kontwole depans epi prepare objektif finansye.

Leson 1.1 — Revni ak depans

Revni se lajan ou resevwa nan travay, biznis, sèvis oswa lòt sous. Depans li menm se lajan ou itilize. Gen depans fiks, tankou lwaye, prè... depans varyab, tankou manje, gaz, amizman, elatriye. Konnen diferans lan ede w planifye w pi byen.

Egzanp: Revni nèt $2,800 − depans $2,300 = $500 ki rete. Lajan ki rete a ka sèvi pou ekonomi, objektif oswa peye dèt.

Leson 1.2 — Bidjè pèsonèl

Bidjè se yon plan ki montre kijan ou pral itilize lajan ou pandan yon peryòd. Ekri revni nèt ou, depans obligatwa, depans fleksib, ekonomi ak pèman dèt. Metòd 50/30/20 la se yon gid: 50% bezwen, 30% anvi, 20% ekonomi ak dèt. Se pa yon règ ki adapte ak tout moun.

Ekzanp ak $2,000: 50% = $1,000; 30% = $600; 20% = $400. Ou ka jiste pousantaj yo selon sitiyasyon ou.

Leson 1.3 — Fon ijans ak objektif

Fon ijans se lajan ou mete apa pou depans ou pa t planifye yo, tankou reparasyon, pèt revni oswa ijans fanmi. Kòmanse ak yon ti objektif, epi chèche bati yon rezèv ki ka kouvri plizyè mwa depans esansyèl. Kenbe lajan sa a nan yon kote ki an sekirite epi fasil pou jwenn (anba kabann pa ekzanp).

Egzèsis: Si revni nèt ou se $3,000 epi depans ou se $2,450, konbyen ki rete?

Repons: $550.

↑ RetounenModil aprè a →
MODIL 02 · KREDI AK DÈT

Kredi ak dèt

Objektif: konprann kijan kredi fonksyone, kijan enterè kalkile ak kijan pou jere dèt ou yo.

Leson 2.1 — Kisa kredi ye?

Kredi se kapasite pou prete lajan oswa jwenn yon sèvis kounye a epi peye pita daprè yon akò. Rapò kredi (credit report) se dosye enfòmasyon sou kont kredi ou. Nòt kredi (credit score) se yon valè nimerik kèk modèl kalkile apati enfòmasyon nan rapò a. Modèl yo pa toujou menm.

Leson 2.2 — Kat kredi ak enterè

Kat kredi pèmèt ou itilize yon liy kredi. Si ou pa peye tout balans lan nan dat limit la, enterè ka aplike selon kontra a. Peye pèman minimòm lan pa p nesesèman epanye w de enterè.

Ekzanp yon Balans $1,000 ak to anyèl 24%: kalkil senplifye pou yon mwa se $1,000 × 24% ÷ 12 = $20. Kalkil reyèl la ka depann de balans chak jou ak kondisyon kontra a.

Leson 2.3 — Estrateji pou peye dèt

Metòd lavalas la (Avalanche Method) konsantre sou dèt ki gen to enterè ki pi wo yo an premye. Metòd boul nèj (Debt Snowball) la konsantre sou pi piti balans lan an premye. Nan tou de metòd yo, kontinye peye minimòm obligatwa sou lòt dèt yo. Konpare frè ak kondisyon yo anvan ou pran nouvo dèt.

Egzèsis: Ki enterè senplifye pou yon mwa sou $500 ak to anyèl 18%?

Repons: $7.50, anvan frè oswa lòt kalkil.

↑ RetounenModil apre →
MODIL 03 · EKONOMI AK ENVESTISMAN

Ekonomi ak envestisman

Objektif: distenge ekonomi ak envestisman epi evalye risk ak rannman.

Leson 3.1 — Ekonomi kont envestisman

Ekonomi se lajan ou mete apa pou objektif kout oswa mwayen tèm. Envestisman se mete kapital nan yon byen avèk espwa jwenn rannman. Envestisman ka pèdi valè, kidonk pa sèvi ak lajan ijans pou pran risk ou pa ka sipòte.

Leson 3.2 — Aksyon, obligasyon ak fon

Aksyon reprezante yon pati nan pwopriyetè yon konpayi. Obligasyon se yon dèt yon enstitisyon oswa gouvènman bay envestisè. Fon mityèl ak ETF ka rasanble plizyè envestisman nan yon sèl pwodwi. Konprann frè, risk ak sa fon an genyen anvan ou envesti.

Leson 3.3 — Risk ak divèsifikasyon

Risk se posiblite pou rezilta a diferan ak sa ou espere, tankou pèdi kapital. Divèsifikasyon vle di pa mete tout kapital ou nan yon sèl byen oswa sektè. Li ka diminye risk konsantrasyon, men li pa elimine tout risk.

Egzèsis: Èske yon ETF garanti ou pap pèdi lajan?

Repons: Non. ETF ka pèdi valè.

↑ RetounenModil apre →
MODIL 04 · PLANIFIKASYON ALONTÈM

Planifikasyon alontèm ak kapital

Objektif: prepare retrèt, konprann kwasans konpoze ak pwoteksyon patrimwàn.

Leson 4.1 — Planifikasyon retrèt

Retrèt se peryòd kote yon moun diminye oswa sispann travay pou viv sou ekonomi, pansyon oswa lòt sous revni. Kòmanse bonè ka bay plis tan pou ekonomi grandi, men okenn rendement pa garanti.

Leson 4.2 — Enterè konpoze | Coumpound Interest

Enterè konpoze vle di ou ka touche rannman sou kapital ou ak sou rannman ki te deja ajoute. Rezilta a depann de tan, kantite lajan, frè, taks ak to rannman an ki ka varye.

Yon to 5% pa ane nan yon egzanp se yon ipotèz pou aprann matematik, se pa pwomès yon envestisman ap bay 5%.

Leson 4.3 — Asirans ak eritaj

Asirans ka ede transfere kèk risk finansye bay yon konpayi asirans an echanj pou prim. Planifikasyon eritaj ka gen ladan testaman ak deziyasyon benefisyè. Règ yo diferan selon peyi ak eta.

Egzèsis: Poukisa tan ka ede ekonomi alontèm?

Repons: Paske li bay plis tan pou ekonomi ak rannman konpoze akimile; rezilta a pa garanti.

↑ RetounenModil aprè →
MODIL 05 · FINANS ANTREPRENARYA

Finans antreprenarya

Objektif: mezire revni, depans, pwofi ak Cash Flow nan yon biznis.

Leson 5.1 — Revni, depans ak pwofi

Revni biznis se lajan aktivite a pwodui. Depans se sa biznis la peye pou fonksyone. Pwofi senp anvan taks se revni mwens depans.

Lavant $5,000 − depans $3,700 = $1,300 pwofi anvan taks ak lòt ajisteman.

Leson 5.2 — Cash Flow

Cash Flow se lè lajan antre ak lè lajan soti. Yon biznis ka montre pwofi sou papye men li ka manke lajan kach pou peye founisè oswa salarye yo.

Leson 5.3 — Pri ak dosye

Pri vann dwe konsidere pri pwodiksyon, depans fonksyònman, taks, frè ak objektif pwofi. Kenbe resi, fakti ak dosye tranzaksyon yo. Separe lajan pèsonèl ak lajan biznis kote sa posib.

Egzèsis: Yon biznis vann $2,400 epi depans li se $1,850. Ki pwofi l anvan taks?

Repons: $550.

↑ RetounenModil apre →
MODIL 06 · FINANS ENTÈNASYONAL

Finans entènasyonal

Objektif: konprann deviz, to echanj ak depans transfè lajan.

Leson 6.1 — Deviz ak to echanj

Deviz se lajan yon peyi. To echanj montre konbyen inite yon lajan vo pa rapò ak yon lòt. To a ka chanje selon mache, demann, politik monetè ak lòt faktè.

Ekzanp: Si 1 USD = 5.88 reyal BRL nan yon egzanp, $100 ta egal 588 reyal BRL anvan frè. Sa se yon egzanp matematik, parapo ak to aktyèl 18 nov 2026.

Leson 6.2 — Transfè entènasyonal

Lè w ap voye lajan aletranje, konpare to echanj, frè sèvis, frè resepsyon ak kantite final moun nan ap resevwa. Yon sèvis ki gen frè ki ba ka gen yon to echanj mwens favorab.

Leson 6.3 — Risk lajan

Si ou touche nan yon lajan epi ou depanse nan yon lòt, chanjman to echanj ka afekte pouvwa acha ou. Biznis entènasyonal dwe konsidere risk sa yo.

Egzèsis: Si 1 USD = 150 HTG nan yon egzanp, konbyen 20 USD vo anvan frè?

Repons: 3,000 HTG.

↑ RetounenModil aprè →
MODIL 07 · PWOTEKSYON FINANSYE

Pwoteksyon finansye

Objektif: rekonèt fwod, pwoteje enfòmasyon pèsonèl epi konprann zouti pwoteksyon.

Leson 7.1 — Fwod ak magouy

Fè atansyon ak mesaj ki mande w prese voye lajan, bay modpas, pataje kòd verifikasyon oswa klike sou lyen sispèk. Verifye idantite moun oswa konpayi an atravè sit ofisyèl ou deja konnen.

Leson 7.2 — Sekirite kont

Sèvi ak modpas solid ak diferan pou chak kont. Aktive verifikasyon an de etap. Pa pataje PIN, modpas oswa kòd yon sèl itilizasyon. Tcheke tranzaksyon ou regilyèman.

Leson 7.3 — Asirans

Asirans ka pwoteje kont kèk gwo depans, men chak kontra gen limit, franchiz, eksepsyon ak kondisyon. Li dokiman an anvan ou achte epi konpare òf yo.

Egzèsis: Yon moun mande kòd verifikasyon bank ou nan telefòn. Kisa ou dwe fè?

Repons: Pa bay kòd la. Kontakte bank la nan nimewo ofisyèl li.

↑ RetounenModil apre →
MODIL 08 · METRIZ FINANSYE

Metriz finansye

Objektif: sèvi ak konesans ou pou analize sitiyasyon finansye epi pran desizyon aprè w fin reflechi.

Leson 8.1 — Valè nèt

Valè nèt se diferans ant byen ou ak dèt ou. Byen ka gen ladan lajan, ekonomi, envestisman ak byen materyèl tankou kay, bèt, elatriye. Dèt ka gen ladan prè ak balans kat kredi.

Byen $25,000 − dèt $9,000 = valè nèt ou $16,000.

Leson 8.2 — Analiz desizyon

Anvan ou pran yon desizyon, konpare benefis, pri, risk, tan ak konsekans. Pa baze yon gwo desizyon w pral pran sou yon sèl reklam oswa sa yon zanmi di w.

Leson 8.3 — Plan finansye pèsonèl

Ekri objektif kout ou yo, mwayen ak lontèm yo. Chwazi yon aksyon konkrè pou chak objektif, mete yon dat pou chak, epi revize pwogrè ou regilyèman.

Egzèsis: Byen ou se $18,000, dèt ou se $6,500. Ki valè nèt ou?

Repons: $11,500.

↑ Retounen nan kòmansman

Egzamen final Akademi Finansye an Kreyòl

Bank egzamen an gen 40 kesyon. Chak tantativ chwazi 30 kesyon o aza epi melanje repons yo. Ou bezwen omwen 75% pou kalifye pou sètifika a.

Egzamen an gen chwa senp, chwa miltip, vrè oswa fo, ak ti kalkil. Pou kesyon ki mande plizyè repons, chwazi tout repons ki kòrèk yo.
AKADEMI FINANSYE AN KREYÒL

SÈTIFIKA REYISIT EDIKATIF

Akademi an rekonèt ke

Non Elèv la

te reyisi egzamen final Akademi Finansye an Kreyòl la.

Nòt: / 100

Dat:

Aronson Louis
Responsab pwojè edikatif

Sètifika sa a se yon rekonesans edikatif gratis. Li pa yon diplòm ofisyèl, li pa gen okenn vaè edikatif, li pa reprezante yon akreditasyon akademik oswa pwofesyonèl, epi li pa bay lisans pou pratike okenn metye.

Nòt edikatif: Kontni sa a se enfòmasyon jeneral, li pa ranplase konsèy finansye, legal oswa fiskal pèsonalize. Règ sou kredi, taks, bank, asirans ak envestisman ka diferan selon peyi a. Verifye enfòmasyon ak sous ofisyèl anvan ou pran desizyon.
Akademi Finansye an Kreyòl
Yon pwojè edikatif pa Aronson Louis
Aprann. Pratike. Pwogrese.

Commentaires